Yon gwo pati nan kominote n ap sèvi a se moun ki granmoun, oswa k ap viv ak yon andikap, oswa k ap li sou yon telefòn bon mache ak yon koneksyon ki lan. Yon sit wèb yo pa ka sèvi avè l se yon sit ki kite deyò egzakteman moun yo te fè l pou yo.

Sa n ap chèche

Sit sa a bati pou l respekte nivo AA WCAG 2.1.

Sa sa vle di konkrètman

  • Tout konbinezon koulè yo mezire, yo pa chwazi ak je. Tèks la respekte kontras nòm nan mande a, menm ti lèt yo.
  • Li mache ak klavye a sèlman. Ou rive sou chak lyen, bouton ak chan ak Tab, epi ou toujou wè kote ou ye.
  • Li mache ak lektè ekran. Imaj yo gen deskripsyon, chan yo gen vre etikèt, epi tit yo swiv yon lòd ki gen sans lè yo li l awotvwa.
  • Li mache san JavaScript. Si script yo echwe oswa yo bloke, fòm yo voye toujou epi kontni an la toujou.
  • Anyen pa deplase pou kont li si sistèm ou di ou prefere mwens mouvman.
  • Tèm klè ak tèm fonse, tou de ak menm kontras la.
  • Twa lang: anglè, panyòl ak kreyòl ayisyen. Se pa tradiksyon machin kite jan l soti: yon moun ki pale kreyòl natifnatal revize l.
  • Li lejè. Paj dakèy la pa rive 100 KB, konsa li louvri sou yon vye telefòn ak yon siyal fèb.

Kijan nou verifye

Chak vèsyon pase nan Lighthouse. Kounye a sit la fè 100 nan aksesiblite sou tout paj nou mezire yo.

Men yon verifikasyon otomatik jwenn sèlman yon pati. Li pa konnen si yon tèks konprann, ni si yon fòm gen sans pou yon moun k ap ranpli l pandan l enkyè pou yon dyagnostik. Pou sa, se ou menm nou bezwen.

Si yon bagay pa mache pou ou

Di nou epi n ap ranje l. Ou pa bezwen konnen kijan pwoblèm nan rele ni sèvi ak okenn tèm teknik: si ou di nou sa ou t ap eseye fè ak sa ki pase, sa sifi.

Nou reponn telefòn nan lendi jiska vandredi, 8:30 AM rive 5:00 PM.

Epi si sit la ba ou pwoblèm, pa goumen avè l: rele nou. Tout sa ou ka fè isit la, ou ka fè l nan telefòn tou — mande enfòmasyon sou yon pwogram, enskri pou yon sèvis oswa konnen sou yon aktivite. Sit wèb la se yon pòt, se pa sèl pòt la.

Enskri avèk nou

Di nou sa ou bezwen epi youn nan ajan nou yo ap rele ou pi vit posib. Sèvis nou yo gratis epi ou pa bezwen asirans sante.

Se konsa n ap jwenn ou.
Sa ede nou jwenn swen toupre ou.